Pran Kontwòl Tibèkiloz (Tb)

1y ago
6 Views
1 Downloads
559.61 KB
16 Pages
Last View : 22d ago
Last Download : 3m ago
Upload by : Mia Martinelli
Transcription

PRAN KONTWÒL TIBÈKILOZ (TB) OU A Sa Pou Espere ak Kijan Pou w Rete Ansante

FASON POU TRETE TIBÈKILOZ (TB) OU A Si w se youn nan plizyè rezidan New York ki gen TB yo, li enpòtan pou ou jwenn tretman ak sipò. TB se yon maladi grav, men ou kapab geri li si w jwenn bonjan tretman. Pi bonè ou kòmanse, se pi byen w ap santi ou. Avètisman: Tout foto yo se sèlman pou ilistrasyon. Nenpòt moun ki dekri se yon modèl.

JWENN PLIS ENFÒMASYON DE FAZ TB YO Yon tès TB ki pozitif vle di ou gen jèm TB a nan kò ou. Doktè ou kapab fè plis tès pou wè si ou gen TB ki pa aktif oswa TB ki aktif. Enfeksyon TB ki pa Aktif Ki rele tou “TB ki pa aktif“ oswa “Enfeksyon TB“ (4) Maladi TB ki aktif ki rele tou “TB aktif“ oswa “maladi TB“ Ou pa santi ou malad Ou santi ou malad Nòmalman rezilta tès TB yo pozitif Nòmalman rezilta tès TB yo pozitif Ou pa ka bay lòt moun li Ou ka bay lòt moun li

Si ou gen TB ki pa aktif, jèm TB ki nan kò ou yo ap “dòmi“. Si ou gen TB ki aktif, jèm TB ki nan kò ou yo ap miltiplye. Nòmalman TB aktif afekte poumon ou, men li kapab afekte lòt pati nan kò ou tou. Lè yon moun ki gen TB aktif touse, pale, oswa estènye, jèm yo simaye nan lè a. Lòt moun ki respire jèm sa yo kapab pran TB. Siy TB Aktif: W ap touse pou twa semèn oswa plis oswa w ap touse san Ou santi ou fatige ak fèb Ou manke apeti epi ou pèdi pwa Ou gen lafyèv epi ou swe pandan lanwit (5)

ANPECHE TB AKTIF TB ki pa aktif ka vin TB aktif si ou pa trete li. Menm si ou pa santi ou malad, l ap enpòtan pran medikaman ou pou anpeche mikwòb TB a “reveye“ epi vin TB aktif. TB ki aktif kapab fè ou malad anpil. Lè ou pran medikaman ou sa pral ede ou vin miyò ak pa simaye jèm nan bay zanmi ak fanmi. Pi bonè ou kòmanse pran medikaman, se pi bonè w ap ka retounen travay oswa lekòl. (6)

“ Kèk ane pase, mwen te gen yon tès po TB pozitif epi doktè mwen te di mwen se te TB ki pa aktif. Mwen pa te pran medikaman li te bay mwen yo paske mwen te santi mwen anfòm. Mwa pase, mwen te kòmanse santi mwen malad anpil; mwen t ap touse epi mwen te gen yon fyèv. Mwen te aprann mwen gen TB aktif kounye a. Mwen gen yon pakèt medikaman pou mwen pran, epi sanble mwen te fè lòt moun malad tou. Si mwen te pran medikaman pou TB ki pa aktif la, sa pa t ap janm rive. - Anila, 28, Queens ” (7)

PWOFITE TOUT SA OU KAPAB NAN TRETMAN OU A Kèk maladi ak medikaman kapab afebli sistèm iminitè epi fè ou gen plis chans pou TB ki pa aktif la vin TB aktif. Avan ak pandan tretman ou pou TB aktif ak TB ki pa aktif, di doktè ou si ou: Pran lòt medikaman Gen VIH/SIDA, dyabèt oswa lòt pwoblèm sante Ansent oswa kapab pral ansent Ap bay tete (8)

Pran tout medikaman doktè ou preskri yo. Menmsi ou santi ou byen kounye a oswa ou kòmanse santi ou miyò, ou kapab kòmanse santi ou pi mal si ou sispann pran medikaman ou. Si ou soti oswa rate dòz ou, sa kapab fè TB a vin rezistan ak medikaman an – ki vle di medikaman ou a p ap ka touye jèm yo ki nan kò ou a. Li difisil pou trete TB ki rezistan ak medikaman epi sa ka pran nenpòt dezan pou geri. o Si ou rate yon sèl dòz, kontinye pran medikaman an jan doktè ou preskri a. o Si ou rate plis pase yon sèl dòz, rele doktè ou touswit. Bay tèt ou plis swen pandan tretman an o Piga ou bwè alkòl. Si ou bwè alkòl pandan w ap pran medikaman pou TB a, sa kapab domaje fwa ou. o Sispann fimen. Si ou bezwen èd, rele 311 oswa 1-866-697-8487, oswa ale sou nyc.gov/health epi chèche “NYC Quits“ (Vil New York ak Kite Fimen). (9)

SONJE PRAN MEDIKAMAN OU Men kèk ti konsèy ki ka ede ou: Pran medikaman ou jan doktè ou preskri a. Kite tout medikaman ou yo yon sèl kote. Make chak jou ou pran medikaman ou yo sou yon kalandriye. Ekri yon ti mesaj rapèl pou fè w sonje pou pran medikaman yo nan yon chanm nan kay ou, tankou nan kizin nan. Pwograme yon alam nan telefòn ou oswa mont ou. Mande fanmi oswa zanmi pou fè ou sonje pou pran medikaman ou. Pale ak pwofesyonèl swen sante ou konsènan terapi obsèvasyon dirèk (directly observed therapy, DOT), yon sèvis gratis ki kapab ede ou pran tretman ou kòmsadwa. Gade paj 14 pou jwenn plis enfòmasyon. (10)

KONPRANN POSIBLITE EFÈ SEGONDÈ TRETMAN POU TB Pifò moun pran medikaman pou TB san pwoblèm, pandan gen lòt moun ki gen efè segondè. Si ou gen nenpòt nan efè segondè sa yo, sispann pran medikaman ou epi rele doktè ou touswit: Kèplen, vomisman, oswa okenn apeti Vant fè mal Vizyon twoub oswa chanje Zye ak po jòn Demanjezon oswa gratèl nan po Pikotman nan dwèt men oswa dwèt pey Doulè nan jwenti Koulè pipi fonse oswa mawon Lafyèv ki dire twa jou oswa plis (11)

PALE AK MANADJÈ DOSYE OU Si ou gen TB aktif, yon manadjè dosye Depatman Sante pral ba ou sipò pandan ou nan tretman an. Sèvis sa a gratis. Ou kapab bay lòt moun jèm TB a, tankou fanmi ak zanmi ou, lè ou touse oswa estènye. Manadjè Dosye ou kapab ede yo teste pou TB. Manadjè Dosye ou pral pale ak ou sou: Sentòm ou yo Kote ou te vizite Moun ou te frekante (12)

“ Manadjè Dosye mwen te mande mwen non kontak mwen yo – moun mwen te pase anpil tan ak yo avan mwen te kòmanse tretman an. Manadjè Dosye mwen te di li bezwen rele oswa vizite kontak mwen yo pou di yo pou yo al teste pou TB. Ansanm, nou te fè yon lis moun li sipoze rele yo. Manadjè Dosye mwen te pwomèt mwen l ap kenbe idantite mwen prive. - Carlos, 42, Brooklyn ” (13)

RESOUS Terapi Obsèvasyon Dirèk (DOT): Lè ou bezwen pran medikaman ou, manm pèsonèl Depatman Sante a kapab kontre ak ou an travay, lakay ou, oswa nan konferans videyo oswa nan yon nan Klinik TB Depatman Sante yo. Yo kapab reponn kesyon ou yo ak ede ou swiv tretman ou. Pou jwenn plis enfòmasyon sou DOT, ak fason pou enskri, pale ak doktè ou. Pou jwenn plis enfòmasyon: Ale sou nyc.gov/health/tb Rele 311 epi mande enfòmasyon konsènan TB Ale sou cdc.gov/tb (14)

SANT PWATRIN DEPATMAN SANTE VIL NEW YORK (NEW YORK CITY HEALTH DEPARTMENT): 1 2 Bay sèvis gratis nan lang ou 3 Ou pa bezwen asirans sante Yo pa poze kesyon sou sitiyasyon ou ak imigrasyon 4 1 Washington Heights Chest Center 600 W. 168th St., Third Floor New York, NY 10032 2 Morrisania Chest Center 1309 Fulton Ave., First Floor Bronx, NY 10456 3 Corona Chest Center 34-33 Junction Blvd., Second Floor Jackson Heights, NY 11372 4 Fort Greene Chest Center 295 Flatbush Ave. Ext., Fourth Floor Brooklyn, NY 11201

DIS591112H 9.17 (Haitian Creole)

Si ou gen TB ki pa aktif, jèm TB ki nan kò ou yo ap "dòmi". Si ou gen TB ki aktif, jèm TB ki nan kò ou yo ap miltiplye. Nòmalman TB aktif afekte poumon ou, men li kapab afekte lòt pati nan kò ou tou. Lè yon moun ki gen TB aktif touse, pale,

Related Documents:

TİB 514 Recitation and History of The Holy Quran 303 8 2.History Of Mysticism Sciences TİB 519 An Intraduction to the Islamic Mysticism 303 8 TİB 520 The Famous Turkısh Mystic 303 8 TİB 521 Sytematic Mysticism Problems 303 6 TİB 522 Clasical History of Mysticism 303 6 TİB 523 Terms of the history of Mysticism 303 8 TİB 524 History of .

Spec Sheet PER APPLIANCE 500 1000 3000 5000 7000 9000 Max 10 Gbase-T/iSCSI Ports per Appliance 24 24 24 24 24 24 Max 10/25 GbE/iSCSI Ports per Appliance 28 24 24 24 24 24 Max Raw Capacity*** 384 TB 898.56 TB 898.56 TB 898.56 TB 898.56 TB 898.56 TB 349.25 TiB 817.36 TiB 817.36 TiB 817.36 TiB 817.36 TiB 817.36 TiB .

Pran PrEP chak jou. Ou ka pran PrEP nenpòt lè pandan jounen an, avèk oswa san manje. PrEP aji pi byen si w pran li nan menm lè a chak jou. Ou dwe pran PrEP anvan oswa apre yon aktivite toulejou, pa egzanp lè ou dejne, oswa lè w bwose dan w anvan w al dòmi. Pou ede w sonje, konsève boutèy grenn ou kote ou ka wè li.

Forest Pfizer Eli . Silence/“I dun-no”/pouting Treatment refusal . The TIB Worksheet A Form to Help Patients & Therapists Identify TIB . When to Use the TIB Worksheet 1. You have directly observed the TIB 1. The pt’s primary complaint includes a history

1. Vaibhashika (Great Exposition School, Tib.: bye brag smra ba'i grub mtha') 2. Sautrantika (Sutra School, Tib.: mdo sde pa'i grub mtha') 3. Chittamatra (Mind-Only School, Tib.: sems tsam pa'i grub mtha') 4. Madhyamika (Middle Way School, Tib.: dbu ma'i grub mtha') According to their different views they can be further .

powder metallurgy method using aluminum , powder with a purity of 99.97% and D 50 20 ìm, as the matrix material and TiB 2 nanoparticles with D 50 80 nm as the reinforcement. The fabrication steps in powder metallurgy route were: Al powder alloy has been mixed with TiB 2

Supporto Tecnico / Technical Support Bollettino Informazione Tecnica / Technical Information Bulletin data / date codice - progr./ code - number TIB 16/01/2007 800745 05 2 / 8 Modulo IO-TIB-A (Liv.03) INFORMAZ

Boroi/ Indian Jujube Zizyphus mauritiana Rhamnaceae 1 T 4 Acacia Acacia auriculiformis Fabaceae 3 T 5 Mangium Acacia mangium Fabaceae 3 T 6 Bamboo Bamboo spp. Poaceae 370 (4 bush) T 7 Coconut Cocos nucifera Arecaceae 2 T *Types of species: T-Trees Plot#5 SL. Comm